FAQ

Èske lwe yon fim se yon bagay ki sekirize?

Totalman! Yon oditè sètifye PCI te odite konpani ki trete peman sou kat kredi yo epi li te jwenn sètifikasyon pou bay sèvis PCI nivo 1 ki se pi gwo nivo disponib nan moman an. Nou aplike protokòl HTTPS pou tout enfòmasyon sansib ki sou FilmHaiti.com, sa vle di sou sit wèb ki piblik la, sou pwosesis peman an epi sou paj kont itilizatè yo. Paypal disponib tou kòm opsyon pou peye.

Kòman ou ka lwe yon fim oswa yon videyo?

Se yon bagay ki vrèman fasil!

  • Asire w ou konekte. Kreye yon kont si w pa gen youn.
  • Sou videyo Premium ou vle lwe a, chwazi lajan w ap itilize a epi klike sou bouton lwe a.
  • Swiv pwosesis la pou w peye sou Mon Cash (an Goud) oswa sou Paypal oubyen kat kredi pou lòt lajan yo.
  • Lè w fin peye, platfòm peman an ap voye w tounen sou fim ou a.
  • Toujou verifye si ou konekte chak fwa ou vle regade fim lan.
Konbyen tan mwen genyen pou m gade yon fim mwen lwe?

Nòmalman ou gen 3 jou pou w gade yon fim ou lwe. Pandan dire lokasyon an ou ka gade fim yo kantite fwa ou vle.

Lekti videyo

Tout videyo ki nan seksyon Premium FilmHaiti.com yo sèvi ak yon teknoloji ki rele difizyon kontini adaptatif. Teknoloji sa divize videyo a an yon pakèt ti bout ki pi piti. Lektè a jwe ti bout sa yo youn apre lòt nan moman w ap gade videyo a.

Nou prepare plizyè vèsyon videyo a epi lektè a chwazi poukont li pi bon kalite ki posib daprè kalite koneksyon rezo a, kapasite grafik aparèy k ap li a epi gwosè lektè a. Depi fichye orijinal la ak kontèks afichaj la otorize sa, nou kapab gade videyo yo nan rezolisyon ki rive jouk 4K (sa depann de konteni an).

Nou toujou konprese videyo yo ak yon kalite ki siperyè ak sa yo fè jeneralman paske nou kwè nan kalite anpil. Chak rezolisyon nou konprese gen yon limit ki pèmèt li jwe dous sou entènèt. Limit sa yo koresponn a ekzijans debi ki genyen pou chak kalite vizyalizasyon. Pa ekzanp, pou debi videyo 1080p yo, nou bloke yo a 5 Mbps, sa ki pi wo anpil pase sa lòt sèvis pwopoze.

Pou odyo, nou konprese ak 2 kanal estereyo. Nou toujou konprese son a 256 Kb / s men si koneksyon entènèt la pa bezwen tout debi sa, lektè a ap bay sa ki sifizan daprè konfigirasyon pa w.

Videyo a ap sote oswa trennen

Nou regrèt ou gen pwoblèm! Men yon lis solisyon ki ka ede w rezoud difikilte lekti sa yo:

  • Asire w koneksyon entènèt ou rapid epi estab.
  • Eseye aktyalize navigatè a oswa sèvi ak yon navigatè modèn tankou Google Chrome, Firefox oswa Safari.
  • Redemare routè san fil ou, modèm ou oswa aparèy iOS oswa Android ou ( si ou sou mobil).
  • Si w kontinye gen difikilte lekti, kontakte nou pandan w ap ba nou tout enfòmasyon ki dekri pwoblèm la.
Kòman ou ka regle volim son an nan lektè videyo a?

Men kijan ou ka kontwole volim nan lektè videyo wèb la:

  • Mete kisè souri a sou videyo w ap gade a pou kontwòl videyo yo ka parèt.
  • Akote bouton Lekti oswa Poz w ap wè yon ti desen opalè ak yon kisè sou kote l.
  • Pou kontwole volim la, glise kisè sa a dwat oswa a goch.
  • Si w vle koupe son an nèt, w ap klike sou desen opalè a. Klike ankò pou w fè son an tounen.
Kòman ou ka aktive soutit yo pandan wap gade?

Klike sou ti desen CC ki nan lektè a, opsyon lang yo ap dewoule epi w ap ka chwazi lang ou vle a. Soutit yo ap parèt nan lektè a.